Divès òganizasyon mete tèt yo ansanm pou denonse pouvwa anplas Alix Didier Fils-Aimé a ki pa kanpe sou anyen.

04 – 18 – 2026
Tigwav, Ayiti _____ (TRiboLAND) Plizyè òganizasyon debaz, sosyo politik pami yo, Mouvman Liberasyon Rejyon Gwavyèn (M0LIREG) MOZALA AYITI, e KOLEKTIF, denonse nan yon konferans ak lapwès, pouvwa anplas la yo di kap make pa sou plas.
Selon responsab òganizasyon yo, objektif konferans lan, se pou denonse gouvènman Alix Didier Fils Aimé a, yo di ki pa kanpe sou anyen ni ak bay dèyè’l 2 tap fas ak divès pwoblèm kap bwase santray popilasyon ayisyèn nan tankou : pwoblèm rivyè ladig Tigwav kap touye sitwayen yo, kriz nan sistèm edikatif la, pwoblèm ensekirite kap ravaje sosyete a, pwoblèm moute gaz ki pa janm desann nan, ak pwoblèm eleksyon elatriye…
Nan sans sa a, ansanm òganizasyon yo ki kwè yo paka kwaze 2 bra yo ap gade fason pouvwa defakto Alix Didier Fils Aimé a, ak tout alye li yo ap mennen bak peyi a; yo mande pou popilasyon an leve kanpe nan kat kwen peyi a pou rive chanje kondisyon lavi yo. Selon yo, pouvwa anplas la pap fè anyen pou pèp ayjsyen an, se yo menm ki pou asime responsabilite yo.






