Òganizasyon Tèt Ansanm pou Devlopman Koray Gicha denonse konpòtman kominote entènasyonal la ak boujwa yo kap fè mannèf pou kenbe peyi a nan mizèrere.

918

04 – 15 – 2024

Senlwidinò, Ayiti___(TRiboLAND) Nan yon rankont ak laprès jounen dimanch 14 avril 2024 la, òganizasyon Tèt Ansanm Pou Devlopman Koray Gicha 3èm seksyon Dègranj denonse konpòtman kominote entènasyonal la ak boujwa sansi yo ki pa vle pèp ayisyen an soti nan kriz li trouve l la . Yon sèl prezidan pa bay rezilta, se 7 a 9 moun nan yon konsèy ki pral pote solisyon pou peyi ki pèdi ray sa. Nou fout manti bann machann peyi!

Daprè Samuel Jeantilus se estrateji kominote entènasyonal la ak gang ak vès yo ap fè pou kriz peyi a pa janm rezoud pou pitit peyi a rale yon mye. Yon lòt bò yo konsidere KARIKOM kòm pi gwo edmi kap travay pou Ayiti pa janm libere anba pat sansi dwèt long enperyalis la ki toujou ap foure bouch yo nan zafè entèn nasyon an.

Popilasyon ayisyen an pa konn ki chwa kap bon pou yo paske nou itlize pèp la pou l travay kont pwòp tèt li.

Konsèy 7 tèt la pap bay rezilta nan soufrans peyi a, se avantay ak feblès nou; bandi sanfwa yo pwofite pou yo teworize popilasyon an ki pa konprann twò byen move jwèt boujwa san wont ak enperyalis meriken mete ansanm pou souse tout richès peyi a .

Nou kenbe minis defakto Ariel Henry lakay nou pou ekzekite tout bèl pwojè malatchong nou te genyen pou peyi a. Nou montre nou siperyè poutan se nou ki pigran edmi kap esplwate peyi pòv yo. Jounen jodia, pèp la pa konn si se gang, si se moun kap di yo pa fè sa yo kap retire peyi a nan maras li trouvel la. Popilasyon an ap mande libere peyi a pou pèp la soti nan sitiyasyon mizè ki fin antere tout ti ayisyen nan milye defavorize yo.

Yo voye yon apèl patriyotik ak tout moun ki gen san anperè Desalin kap koule nan venn yo pou mare yon feso pou mete malfwa sa yo deyò nan peyi a.

Comments are closed.