Manifestasyon nan Pòdpè pou mande liberasyon Mis Nerline Joachim ak Doktè Isaac Archelus

754
0
Share:
TRiboLAND

Pòdpe, Ayiti ____(TRiboLAND) Plizyè dizèn moun pran lari Pòdpè jodi madi 22 jiyè 2025 lan, pou mande liberasyon san kondisyon Mis Nerline Joachim ak Doktè Isaac Archelus, ki daprè enfòmasyon yo, jwenn arestasyon nan kad dosye dwòg Latòti a.

Manifestasyon an te demare apre yon konferans pou laprès devan seksyon chiriji Lopital Imakile Konsepsyon an, kote Doktè Saint Phard Guilnes te pran lapawòl pou denonse sa-l konsidere kòm yon abi sou dwa moun kap sèvi sosyete a. Li fè konnen tout pèsonèl sante nan tout depatman Nòdwès lan ap kanpe travay, e tout sant sante, lopital ak klinik ap fèmen pòt yo si otorite yo pa mete Mis lan ak Doktè a deyò nan tan ki pa long.

Manifestan yo, ki gen ladan anplwaye sante, etidyan nan syans enfimyè, ak plizyè sitwayen nan Site Kapwa Lamò, rasanble sou makandanm lan, al fèmen baryè Direksyon Sante Piblik la. Yo kontinye deplasman yo nan Tribinal de Pè a epi al fini devan Pakè Pòdpè. Yo t ap chante, rele ak leve pankat ki di : “Nou pa nan dwòg, se sante nou bay. Libere Mis Nerline ak Doktè Isaac.”

Manifestan yo lanse apèl bay otorite Leta santral, pou yo mete fen nan zak sa yo ki mete lavi pèsonèl sante yo an danje. Yo mande jistis, epi yo di si pa gen repons, mouvman an ap vin pi laj.

Share:

Leave a reply