Pòdpè: Direksyon lopital imakile konsepsyon mobilize pou asiste pasyan yo pandan 3 jou gra kanaval nasyonal la

222
0
Share:
TRiboLAND

02/13/2021

Pòdpè______(TRiboLAND) Nan yon dyalòg ak nouvo Direktè lopital imakile konsepsyon an nan Nòdwès, Msye St- Phard deklare ke otorite yo nan strikti medical la deja mete yo an eta disponiblite pou akeyi pasyan ki t’a genyen enkonvenyan pandan peryòd 3 jou gra Kanaval Nasyonal kap dewoule nan depatman nòdwès peyi a, espesyàlman nan vil Pòdpè.

Direktè a soulinye, nan anviwon 2 mwa li genyen nan tèt lopital sila, yo deja retounen ak seksyon chirijikal la kite pou ansyen Direktè yon bagay difisil. Li konfime bay TRiboLAND ke lopital Imakile Konsepsyon genyen yon depo kote ansyèn administrasyon yo te mistifye. Konsa, gras ak kiryozite li, li arive deboure depo sila kote’l jwenn divès materyèl ak medikaman kap patoje nan pousyè. Èske se movèz fwa ansyen Direktè yo? Nou pa konnen!

Divès materyèl ak medikaman ke administrasyon avan an te kite nan depo ap patoje nan pousyè

Nap soulinye pou ou, seri preparasyon sa yo rive fèt, se gras ak materyèl sa yo ki te rete ap penpennen nan depo sila, san pèsòn pat mande kisa yo pote pou vann. Pami materyèl sayo, 2 machin anestezis, aparèy pou moun respire ak divès lòt ankò.

Li enpòtan pou konnen nan lakou lopital la, yon latriye efò ap fèt, kote yo deja ap enstale plizyè tant nan lide pou ogmante kapasite sèvis chirijikal la nan peryòd 3 jou gra Kanaval Nasyonal la.

Genson HYPPOLITE

Share:

Leave a reply