Me ki sa yon sous kredib ta revele TRiboLAND sou dosye dwòg zile Latòti a!

– Donald Trump dwe miltipliye efò pou kontinye netwaye Ayiti ak Karayib la avèk politisyen, boujwa ak gang ki enplike ragagann nan trafik dwòg anndan peyi Repiblik Dayiti ak Repiblik Dominkèn.
– Lap mande anpil jefò bò kote Donald Trump ak Marco Rubio pou dezenfekte Ayiti de tout yon seri demolisè ki efondre Ayiti ak trafik zam, dwòg, ògan, imen e kòripsyon tèt chaje.
– Dènye gagezon dwòg sezi a sou zile Latòti, genyen yon pòte istorik. Ayiti pa janm fè yon sezi nan dimansyon sila.
– Selon yon sous ke TRiboLAND kapab fè konfyans, Direksyon depatmantal PNH la nan Nòdwès peyi a, te jwen enstriksyon fòmèl pou lanse yon operasyon kont yon evantyèl tranzaksyon dwòg.
– BLTS te resevwa lòt fòmèl pou entèsepte trafikan yo ki te nan yon chaloup.
– Anpil endis ta montre ke Majistra ak Delege depatmantal Nòdwès la te okouran tranzaksyon dwòg la.
– BLTS genyen anpil pou wè avèk mannèv kap fèt sou dosye dwòg sila; konsa, genyen yon seri polisye ki te envòlv nan operasyon an, ki vle devye naratif la sou Dr. Archelus ak enfimyè Joachim. Se yo menm ki alimante yon latriye presyon, pou pwojektè a pa wè yo nan imaj la.
– Sitwayen jamayiken ak bahameyen genyen abitid efektye kalite tranzaksyon dwòg sou zile Latòti a (Lapwent Wès). Daprè yo, se yon espas ki aksesib akoz absans Leta.
– Destinasyon dwòg la se te pou arive delivre nan yon bato touris nan Labadie, depatman Nò peyi Dayiti. Konsa, kontenjan an ta pral ale jis nan peyi Repiblik Dominikèn.
– Genyen gro nakotrafikan dominiken ki ta sanble enplike nan dosye dwòg Latòti a.
– Genyen yo gro politisyen ayisyen ki ta enplike nan yon parèy trafik dwòg; yon poulen ki trè pwisan sou teren politik la nan peyi Dayiti.
– BLTS ta sanble enplike nan mete fen nan lavi bahameyen kriminèl ki te blese ki tap pran swen nan lopital Imakile Konsepsyon an.
– Nan sans sila, TRiboLAND konfime ke te genyen anpil gro presyon ak entimidasyon ki te fèt sou Dr Archélus sou desè a.
– Kèk ajan ki te nan operasyon dwòg la, te falsifye sezi ak objektif operasyon an; kidonk, te genyen lòd fòmèl bò kote Pòtopwens pou transfere dènye pwezime kriminèl la, nan kapital la ak tout dwòg yo.
– Kantite dwòg ki te nan bato a, te plis ke sa BLTS devwale; alòske bayameyen blese a, se te inik temwen ki te nan pozisyon krache laverite sou kantite subtans lan.
– Alatèt BLTS la, ta sanble nan kolimatè anketè lajistis yo nan Pòtopwens.
– Ajan BLTS yo ki tef è pati operasyon an, ta sanble responsab pou disparisyon menm bijou e yon gro magogo sòm lajan ki te nan bato a.
– Nan sa ki genyen pou wè avèk arestasyon responsab lopital Imakile Konsepsyon nan Pòdpe, san yon movie kap jwe; sepandan, otorite yo konnen trè byen ki moun ki kiyès nan yon parèy dosye nakotrafikan ki sekwe Larepiblik, patikilyèman depatman Nòdwès peyi a, ki pa manje pwa, men kap bay lapire.






