Responsab FC Dorcas yo reyisi premye jounen fòmasyon yo sou sekouris

888

04-16-2023

Pòdpè, Ayiti ____(TRiboLAND) Jan sa te planifye pou jounen samdi 15 avril 2023 a, responsab klèb Foutbòl Dorcas reyisi premye jounen fòmasyon li sou sekouris, nan lokal “One Love”, Pòdpè.

Sekouris se zafè tout moun, depi-w ka andanje ou pa ka pa bewzen yon sekouris. Prezans yon sekouris diminye risk pou gen danje ou prevni danje, jiskaske moun ki an difikilte a, rive chape ou pran wout lopital.

Seyans fòmasyon sila chita sou: etoufman, arè kadyak, enkonsyans, sènyen ou blesu, dechiri nan ligaman, fwakti, kranp miskilè ak enflamasyon tandon. Yon fòmasyon ki sible tout moun ki nan milye espòtif la, kèlkeswa disiplin lan.

Kenov Pierre ki se prezidan ekip Dorcas deklare ke yon parèy inisyativ, gen anpil pou wè avèk konsta ke yo fè parapò ak nesesite ki genyen pou yon parèy fòmasyon.

Fòmasyon sou sekouris la, ap kontinye jous jounen jodi dimanch 16 avril 2023 a; se yon trè bèl etap ki vize kontribye nan bay plis disiplin espòtiv ak bonjan jarèt modèn nan vil Pòdpè.

Comments are closed.