Yon nouvo katèl ajan egzekitif enterimè prete sèlman nan tribinal sivil premyè enstans jiridiksyon Tigwav la, pou al mennen bak meri Leyogan.

180
0
Share:
TRiboLAND

03 – 29 – 2026

Tigwav, Ayiti ____ (TRiboLAND) Robenson Mimi prezidan, Dorly Leriche manm, Elwide Romain manm, se non 3 moun sa yo ki prete sèman nan tribinal sivil premyè enstans jiridiksyon Tigwav la, Vandredi 27 mas 2026 lan. Yon seremoni ki dewoule an prezans divès pèsonalite etatik nan vil la pami yo, komisè polis Tigwav la, Hérard Joseph, delege awondisman Leyogan nan, Jonas Bertrand, konsèy lòd avoka yo, isye, grefye yo, zanmi ak fanmi katèl majistra enterimè komin Leyogan nan.

Se jij dwayen Arhens Mars ki prezide seremoni prestasyon sèman an, mèt Arhens ki mande nouvo majistra enterimè yo, pou yo rete nan sa lalwa bayo kòm atribisyon ki se administre komin nan. Jij dwayen an, raple katèl ajan egzekitif enterimè a, genyen anpil gwo defi kap tan’n yo, yo dwe toujou kenbe vil la pwòp, fè demand bò kote leta santral pou fasilite yo jwen mwayen finansye pou kire ansanm basen vèsan yo nan komin nan; epi li mande yo pou pa rantre kò yo nan vòlè tè sitwayèn ak sitwayen yo sitou sila yo kap viv nan dyaspora a.

Prezidant katèl la, Robenson Mimi sou bò pa li, ki tap repon’n kesyon jounalis nan okazyon an, li pwomèt popilasyon an, li pral travay san pran souf yon fason pou l chanje eskanp figi komin Leyogan. Li pwofite mande kolaborasyon popilasyon an.

Share:

Leave a reply