Ansafolè sosyal: Jènn yo anvi viv nan pwòpte

0 689

Madi 12 Novanm 2019

Ansafolè__(TRiboLAND)Yon gwoup jèn gason mele ak chofè taxi moto nan sant vil Ansafolè mete tèt yo ansanm pou koule beton tout kote ki gen twou ak kote beton an koupe nan tout ri yo.

 Mouvman sa arive pwan jarèt ak konkou sèten sitwayen nan popilasyon an. Latriye jènn sa yo ki ofwi tèt yo kòm volontè pou leve eskanp figi lakay montre anpil detèminasyon ak sousi kominotè. Objektif inisyativ sa chita sou 2 etap: dabò se mete baliz pou anpeche deteryorasyon kouch beton original la e sekirize tout ti twou ki gen tandans elaji pi devan; lòt etap la plis chita sou ranfòse sekirite trafik e rann aksesib ou pi alèz divès transpòtasyon nan vil la.

Jènn sa yo ki tap reponn kesyon Triboland.com te pwan swen pou esplike rezon ki fè yo barikade kèk kote yo finn travay, se inikman pou pwoteje travay yo pandan yap seche. Konsa, yo plis wè barikad la kòm yon zouti pozitif pou reyalize yon bagay pozitif.

Konsa, mesye dam sa yo ki jwenn plezi nan sa yap fè a, voye yon mesaj klè bay tout jènn nan tout vil nan peyi a yon fason pou yo pwan desten kominote yo an men. Transfòme tèt yo kòm veritab òganizatè kominotè se mèyè mwayen pou yon sitwayen afiche ego patriyotik li.

Nap raple ke beton ki koule sou vil la, se te reyalizasyon gouvènmantal sou Majistra Laurius nan lane 2009.


Viktor Jn Era, TRiboLAND

Leave A Reply