Yon estasyon sèvis gaz bwile nan Kafou “Ti Fou”

835

11-29-2022

Pòtoprens, Ayiti_____(TRiboLAND) Yon estasyon sèvis gaz pran dife maten jodi madi 29 novanm 2022 a nan Kafou “Ti Fou” ki localize antre Avni Chales Summer ak Lamatinière, nan kapital la. Ensandi a te pran apati yon motosiklèt aprè ke chofè a te pase kle lòske li te finn fè gaz.

Dife a tap propaje e te nesesite entèvansyon brit sou kou sèvis ponpye yo ki te rive sou plas pap padap pou desann fe dife a ki tap pran jarèt. 

Pa genyen moun ki mouri nan moman katchouboumbe a; sepandan dega yo pa piti.

Comments are closed.