Nan sousi pou kreye yon klima lapè pou òganizasyon eleksyon yo (OCNH) realize yon kozri ak jounalis yo nan Jeremi..

80
0
Share:
TRiboLAND

03 – 29 – 2026

Jeremi, Aiyiti______(TRiboLAND) Oganizasyon sitwayen pou yon nouvèl Ayiti (OCNH) òganize yon jounen bwase lide ak diferan sektè nan près lan ki te sòti atravè divès komin depatman Grandans lan. Bwase lide sa yo te plis chita sou wòl medya a jwe nan tabli lapè pandan peryòd electoral la.
Direktè ekzekitif oganizasyon sitwayen pou yon Nouvèl Ayiti an, mèt Carmille Occius, nan kad aktivite sila te fasilite yon deba ekilibre kote chak patsipan ki te prezan nan sal lan, tap poze kesyon , e fè pwopozisyon ki koresponn ak sijè ki tap debat lan.

Finalman, yon jounen twavay ki te dewoule nan lokal New Life lan, nan Jeremi. Yon parèy sòlòkòtò, te ede jounalis yo konpwann pi byen kesyon etik ak dewontoloji metye jounalis pwofesyonèl la, nan ekzèsis fonksyon yo, nan ede peyi a, pwan chimen demokratik , nan òganize bonjan eleksyon lib.

Share:

Leave a reply