KPT a prè pou’l adrese li ak nasyon an, fas ak non 3 manm konsèy la ki enplike nan eskandal kòripsyon.

334
0
Share:
TRiboLAND


07 – 29 – 2024


Pòtoprens, Ayiti ___(TRiboLAND) Konsèy prezidansyèl la prè pou adrese yon mesaj ak nasyon ayisyèn nan konsènan non 3 manm konsèy la ki enplike nan eskandal kòripsyon.

Konsèy prezidansyèl tranzisyon an mande pou genyen bon jan ankèt enpasyal ki respekte nòm yo epi egzije bon jan prèv nan kad dosye 100 milyon goud Raoul Pierre-Louis, prezidan konsèy BNC a. Adrès ak nasyon an pral fèt demen madi 30 jiyè a, nan absans 3 manm konsèy la ki enplike nan eskandal kòripsyon.

Toutfwa, genyen yon manm Konsèy la ki kontakte Radio Métronome pou fèl konnen, kèk sektè kap itilize tout kalite bagay negatif yo, yon fason pou mete Konsèy la nan difikilte, dapwè sa Radyo Metronome ekri sou paj li maten lendi 29 jiyè a.

Share:

Leave a reply