Asosyasyon Volontè pou Demokrasi fete 17 rekòt egzistans yo

2,218

Louis Jameson
01/25/2022

Delma, Pòtopwens________TRiboLAND) Asosiyasyon Volontè pou Demokrasi (AVD) ki fonde nan lane 2005, okaszyon  fete an gran panpan 17 rekòt egzistans li jounen lendi 24 janvye 2022 nan kapital peyi a, zòn Delma 33.

Malgre difikilte ak anpil lòt peripesi, AVD genyen 17 lane depi ke li reprezante yon sasèdòs senbòlik ki boure ak fyète,  kouraj, ak konbativite pou yon jènès ayisyèn ki djanm. Objektif premye AVD, pa chita sou grabday ekonomik men plis chita sou travay ak jènn yo nan lide pou mete limyè sou chemen sitwàyènte yo e egalman kontribye nan emèjans yo atravè repiblik la.

Pou fini, AVD se yon òganizasyon ki chita sou 2 pwensip fondamantal ki se responsablite ak angajman jenn yo dwe pran andedan e nan zafè peyi yo.

Comments are closed.