Yon nouvèl komisyon mete kanpe nan bawo jiridiksyon Tigwav pou òganize fèt patwon avoka yo, Sentiv.

248
0
Share:
TRiboLAND

03 – 29 – 2026

Tigwav, Ayiti _____ (TRiboLAND) Batonye lòd avoka yo nan bawo jiridiksyon Tigwav la, mèt Alcide Laguerre ak sekretè bawo a, mèt Sainton. Prezante vandredi 27 mas pase a, yon nouvèl komisyon bay popilasyon an, ki genyen 9 manm ki pou òganize fèt patwon avoka yo, Sentiv nan dat 19 me 2026 kap apwoche la a.

Selon batonye Alcide Laguerre, se nouvo komite 9 manm sa a, ki mandate pou se selebre 19 me a. Li fè konnen tout sektè nan lavi lokal ak nasyonal la kapab patisipe nan kad aktivite sila a.

1 – Mèt Louis Frantz Baptista prezidan
2 – Mèt Merisma Dorotie vis prezidan
3 – Mèt Dorcé Fritz Anie sekretè
4 – Mèt Guerrier Claudy trezorye
5 – Mèt Mathieu Guytho pòt pawòl koresponb relayons piblik
6 – Mèt Destiné Jean Osselin koresponb relayons piblik
7 – Mèt José Marie Michel manm
8 – Mèt Joseph Gueston manm.
9- Mèt Gousse Decilian manm:
Se non 9 moun sa yo ki fè pati komisyon ki pral selebre, òganize fèt patwon avoka, Sentiv la daprè sekretè bawo a, mèt Sainton ki li menm tap li pwosè vèbal dènye reyinyon konsèy lòd la li di ki vote komisyon an a 100%.

Yon lòt kote, pòt pawòl komisyon an, mèt Mathieu Guytho, nan entèvansyon li, deklare komisyon an prevwa òganize tout yon seri aktivite nan okazyon an; tankou : aktivite kiltirèl, espò, konferans deba elatriye… Li mande tout moun espesyalman jenès petigwavyèn nan pou vin patisipe anfoul.

Share:

Leave a reply