Lapolis arete yon prezime manm gwoup ame ki te atake vil Gwomòn

324
0
Share:
TRiboLAND

11/04/2025

Gwomòn, Ayiti _____(TRiboLAND) Lapolis arete Wilgens Cherisma, yon endividi yo sispèk kòm youn nan manm gwoup ame ki te atake vil Gwomòn nan dat dimanch 2 novanm 2025 lan.

Daprè enfòmasyon preliminè yo, sispèk la ta fè pati gwoup bandi ki ap opere nan zòn Ti Bwadòm, epi li ta okipe pozisyon dezyèm chèf gang lan. Nan atak sanglan sa, twa moun te pèdi lavi yo, daprè sa sous lokal yo fè konnen.

Wilgens Cherisma jwenn arestasyon li nan kad yon operasyon lapolis te mennen aprè ensidan an. Li nan men fòs lòd yo koulya pou swit legal yo ak pou pèmèt lajistis fè limyè sou dosye a.

Share:

Leave a reply