TRiboLAND lanse gran seminè gratis pou fòme jèn yo epi konbat delekans nan zòn Kabarè

541
0
Share:
TRiboLAND

02/15/2026

Kabarè, Ayiti_______(TRiboLAND) Fondasyon TRiboLAND Media Network ap òganize yon gran seminè fòmasyon totalman gratis pou jèn yo nan zòn Kabarè, ki trouve l nan depatman Nòdwès la. Aktivite sa a ap fèt 16 fevriye 2026, soti 8è nan maten pou rive 2è aprè midi, nan Lekòl Nasyonal Kabarè a. Pandan jounen an, patisipan yo ap resevwa fòmasyon sou fabrikasyon plizyè pwodwi tankou: diven, diven mousan, savon likid, jèl cheve, pafen, pomad ak espre pou cheve. Inisyativ sa a ofri jèn yo yon opòtinite pou aprann konpetans pratik ki kapab sèvi yo touswit.

Objektif fondasyon an klè: konbat delekans jivenil pandan l ap bay jèn yo mwayen pou yo devlope kapasite pa yo. Lè yon jèn metrize fason pou fabrike pwodwi konsa, li ka kòmanse yon ti biznis ak ti mwayen, san li pa bezwen gwo kapital. Sa kapab ede diminye chomaj, ogmante otonomi finansye, epi redwi tantasyon pou antre nan move zak. Olye yo gaspiye tan yo nan lari, yo ka itilize konesans sa yo pou konstwi yon pi bon avni.

Seminè gratis sila montre angajman Fondasyon TRiboLAND pou devlopman kominotè ak pwomosyon antreprenarya jivenil atravè tout peyi Dayiti. Avèk yon sètifika entènasyonal k ap bay aprè demonstrasyon pratik sou aprantisaj la, patisipan yo ap gen plis valè sou mache travay la. Se yon pa enpòtan nan batay pou bay jèn yo espwa, direksyon ak zouti konkrè pou yo fè lajan nan respè ak dinyite. ‎

Share:

Leave a reply