Pwofesyon Serigrafik : Fondasyon TRiboLAND kontinye kenbe fidelite li nan delivre fòmasyon gratis sou zile Latòti

11/23/2025
Latòti, Fon Kiyèz_____(TRiboLAND) Toujou nan sa ki genyen pou kenbe angajman li fas ak lajenès peyi Dayiti, Fondasyon TRiboLAND yon nyèm fwa ankò tap fè koze pandan weekend nan sou zile Latòti, patikilyèman nan lokalite Fon Kiyèz.
De jounen fòmasyon gratis sou serigrafi, yon disiplin kap vale teren sou mache travay la. Antouka, jan ke yo te swete genyen li, jenès nan Panj, Montwi melanje ak Fon Kiyèz resevwa jounen fòmasyon gratis ke yo te reve jwen akote plizyè lòt konesans ke yo te deja jwen atravè lòt fòmasyon.
Pou premye jounen an, aprenan yo te benefisye lekti sou entwodiksyon serigrafik ki te anvlope ekipman dekoupaj ak siblimasyon. Plis pase yon karant jèn fanm kon jèn gason te mete yo ogadavou pou resevwa nan men 2 fòmatè enpekab ki metrize san gratèt disiplin metye manyèl sila.
Dezyèm jounen an malgre lapli, selon kòdonatè volontye Christopher Ducasse kap divilge mouvman an nan bay jèn yo ankadreman sou devlopman pèsonèl atravè Fondasyon TRiboLAND, aprenan yo pat rate okazyon an pou te aprann enpwime ou mete foto sou mayo, sou bidon, sou kepi ak sou tas.
Sa yo ki te soumèt pwòp mayo yo, te genyen opòtinite pou te enpwime logo “TRiboLAND” sou materyèl, yon souvni ki make pasaj fondasyon an sou zile Latòti.






