Otorite lokal yo ak popilasyon an nan seksyon kominal Bayonè mete men sou yon gwo koure, manm gang Lakwa Peris

910

04 – 12 – 2024
Gonayiv, Ayiti ____(TRiboLAND) Lumajeune Denis se non yon gwo koure manm aktif gang Lakwa Peris, moun 3è seksyon kominal Bayonè, komin Gonayiv mare tankou krab byen ta, jedi 11 avril 2024 la.

Prezime asasen an ta enplike nan kidnape Pastè Paul Henry Aristilde nan lane 2023, kote yo te mande 150 mil dola ayisyen. Anplis, lapolis tap chèche li tankou chen fou pou asosyasyon malfektè, konplisite anlèvman ak divès zak malonèt nan kanton an.

Kout filè sa otorite lokal yo ak popilasyon an fè a, ekspwime yon sans satisfaksyon daprè temwanyaj plizyè notab nan rejyon an ki tab sibi latwoublay anba men gwo koure Lumajeune Denis ki te achte zònn nan lajan kontan.

Malgre peripesi Lumajeune te fè malere yo pase; yon pa genyen kouraj pou te enskri li nan pwogram “Bwa Kale” a; yo te prefere remèt li bay lapolis.

Comments are closed.