Pòdpè : Gwo tansyon bò plas katedral la, machann yo leve vwa yo kont desizyon Mèri a

10/31/2026
Pòdpe, Ayiti _____(TRiboLAND) Gwo tansyon pete nan anviwonman plas katedral Pòdpè a, jodi samdi 31 oktòb 2026 la, kote plizyè machann ki te konn vann nan espas sa a leve vwa yo kont Majistra Ralph Moreau ak ekip li a. Machann yo, ki òganize tèt yo nan yon asosyasyon, denonse plizyè desizyon otorite minisipal yo pran pou mete yo deyò nan plas la, san yo pa jwenn yon lòt espas pou kontinye aktivite komèsyal yo. Daprè yo, se nan plas sa a yo te konn chèche mwayen pou pran swen madanm ak pitit yo. Yo estime, pandan otorite yo leve yo, espas la transfòme an paking, yo mete anpil fanmi nan yon sitiyasyon ekonomik difisil.
Nan deklarasyon yo, machann yo fè konnen plas katedral la vin tounen yon depo fatra, malgre otorite yo te pouse do yo, se yo menm ki te oblije mete lajan ansanm pou achte materyèl nesesè pou netwaye espas la. Yo kritike fason administrasyon Majistra Ralph Moreau ap jere dosye a, pandan yo fè konnen atant popilasyon an te genyen lè nouvo ekip la te pran tèt Mèri a poko jwenn repons. Selon machann yo, rezilta yo te espere nan men otorite minisipal yo poko manifeste sou teren an, sitou nan kesyon amenajman ak jesyon vil la.
Pandan mobilizasyon an t ap kontinye, ajan Lapolis te itilize gaz lakrimojèn pou eseye dispèse foul la epi bese tansyon an. Entèvansyon sa a te soulve plis endiyasyon lakay machann yo, ki estime se pa represyon yo bezwen, men pito yon solisyon pou pèmèt yo travay ak diyite. Yo fè konnen y ap kontinye mobilizasyon yo, paske yo pa bandi, se lavi y ap chèche. Nan menm sans lan, yo itilize yon pwovèb pou denonse sa yo konsidere kòm move tretman Lapolis ap fè yo: « Lapolis se dan pouri ki gen fòs sou bannann mi.»






