2 Fòmatris Fondasyon TRiboLAND demare ak 2 jounen fòmasyon gratis sou pwodwi chimik nan Labèlplas, komin Pòdpè

03 – 08 – 2025
Pòdpè, Ayiti_____(TRiboLAND)Toujou nan sousi pou pa kite chovi yo pran nan zatrap pwostitisyon ak gansterizasyon, Fondasyon TRiboLAND demare ak 2 jounen fòmasyon gratis nan yon òfelina nan lokalite Labèlplas, nan komin Pòdpè jodi samdi 8 mas 2025 lan.
Li te byen bonè nan maten, yon group ti lèzanj byen motive te konble espas ki loje yon latriye inosan òfelen ki te frè e dispo pou aprann diferan pwodwi tankou: swavitèl, diven, vinèg, faboulosa shampoon, pafen, savon e latriye. Gras ak sipò 2 fòmatris TRiboLAND motive, madam Lucienne e madam pastè Numa, sesyon yo demare an gran panpan, yon motivasyon ki genyen gwo enpak nan pwosesis aprantisaj la.
Chovi yo ap genyen pou benefisye yon lòt jounen fòmasyon gratis ki pral boukle yon gam konpetans nan fabwike plizyè pwodwi chimik pandan jèn laj yo.
Antouka, mouvman mete sou pye fòmasyon gratis pou jèn yo atravè tout peyia, se efò pèsonèl ou filantwopik yon sitwayen ayisyen ki pa ditou enterese nan politik salòp ak kòwonpi anndan peyi Dayiti.






