Fondasyon TRiboLAND reyisi 2 jounen fòmasyon gratis sou dekorasyon nan komin Karis

1,235

02-26-2023

Karis, Ayiti ___(TRiboLAND) Yon Senkantèn jen patisipe nan fòmasyon sou dekorasyon gratis, tankou jan sa te anonse nan komin Karis la pou jounen 25 & 26 fevriye 2023 a.

TRiboLAND Media Network pa rete sèlman nan enfòme piblik la, men li mete resous li disponib pou fòme jèn nan divès kwen nan peyi a. pou konbat delenkans jivenil kap taye Banda nan sosyete a. Jèn nan komin Karis montre yo trè satisfè sou livrezon fòmasyon an.

kote divès lòt jèn ki te enterese plenyen paske yo pat konnen fòmasyon an. Jean Delivia youn nan patisipan yo pa sispann remèsye Jean Simon Manex ak tout ekip komite TRiboLAND nan akoz chwa yo te fè sou komin Karis pou inisye yon parèy aktivite ki leve moral jèn yo nan rejyon an.

Plizyè notab ou pèsonaj nan komin Karis ankouraje efò TRiboLAND ap fè, nan kad promote konpetans abilite lakay jèn yon, yon fason pou yo pa tonbe nan fè sak pa sa nan sosyete ayisyènn lan. Avèk 50 patisipan se yon gwo etap li ye!

Li enpòtan pou konnen, divès nan jèn patisipan yo, melanje ak sa yo ki pat gen chans benefisye fòmasyon an; patikilyèman nan zòn Bwadlorens ap mande kilè TRIboLAND ap pase wè yo egalman.

Jn Simon Manex mjsnews701@gmail.com

Comments are closed.