CCINO Ranfòse “BANN A PYE” yo : Yon Angajman ki Tounen Reyalite

02/15/2026
Pòdpe, Ayiti _____(TRiboLAND) Komite pilotaj uitèn chanm komès Nòdwès la (CCINO) ki gen nan tèt li Jordan Herard Verdule kenbe pawòl li lè li remèt ofisyèlman yon seri materyèl bay bann apye nan vil Pòdpe. Gwoup tankou Polo, Papayo, Qliko, Seiko ak Loulou Band resevwa chak, yon kit enstriman mizik ki gen kònet, graj, kwachi, tanbou, ansanm ak mayo ki respekte koulè ofisyèl yo ak yon ti bemòl pou ede nan lojistik.
Inisyativ sa a vize ranfòse kapasite sonò bann yo, bay yo plis vizibilite atravè idantite vizyèl yo, epi mete plis koulè ak prestans nan aparisyon yo. Aksyon sa vini nan yon moman enpòtan kote preparasyon pou fèt kanaval yo deja kòmanse, epi li bay mizisyen yo plis motivasyon pou kontinye fè kilti a briye nan lari yo.
Avèk jès sa a, komite pilotaj la pa sèlman onore yon pwomès li te fè pandan uitèn lan, men li reyafime volonte li pou akonpaye bann yo nan estriktirasyon ak pwofesyonalizasyon yo. Bann apye yo rete poto mitan patrimwàn kiltirèl nou, paske se yo ki fè lari yo viv ak rit tradisyonèl, kreyativite ak fyète kolektif la daprè responsab CCINO yo ki tap depoze.






