Fondasyon TRiboLAND reyisi 2èm jounen fòmasyon gratis li nan komin Monben Kwochi

297
0
Share:
TRiboLAND


06 – 03 – 2024

Monben Kwochi, Ayit ____(TRiboLAND) Pandan TRiboLAND kontinye ap enfòme moun konsènan tout sa kap pase nan mond lan, li pa deside kanpe tou nan kontinye bay jèn fòmasyon nan tout kwen nan peyi Dayiti. Fondasyon TRiboLAND reyisi 2 jounen fòmasyon li nan komin Monben Kwochi samdi 1e ak dimanch 2 jen 2024 la, sou dekorasyon ak arfloral nan lokal Lise Fortuné Audate la.

Anviwon 62 jenn fanm ak gason te reyini soti 9è nan maten pou asiste seyans fòmasyon sila san yo pa peye yon Goud Lesko.

Jounen fòmasyon sa yo reyisi gras ak sipò Ekip sou plas la, fòmatè Adèl, Ing Loulou, Wilna Silienor, Gary Jean Ford ak Riselanca Joseph kap travay nan tèt kole ak Louis Marie Louissaint alyas “Papa Loulou” pou kontinye montre jèn yo peche pozitivman.

Fondasyon TRiboLAND ap kontinye bay jèn yo fòmasyon gratis, nan objektif pou kouri dèyè delenkans jivenil ak montre yo kijan pou yo fè lajan ak konesans.

Share:

Leave a reply