Direktè depatmantal edikasyon nasyonal Grandans lan mande pou antite konsène yo repwann aktivite eskolè yo atravè depatman an.

11- 03- 2025
Jeremi, Ayiti_____(TRiboLAND) Aprè pasaj ouragan Melissa a, direktè depatmantal edikasyon nasyonal la, nan Grandans, pwofesè Georges Jean Barth, ki te akonpaye kèk lòt kad nan direksyon depatmantal lan, mete yon nòt deyò, kote li mande tout paran, elèv, direktè lekòl yo nan nivo piblik kou prive pou repwann tout aktivite eskolè pou maten twa oktòb 2025 lan.
Daprè pwofesè Jean Barth, deja genyen twòp jou elèv yo pèdi nan pwogram ane eskolè 2025 – 2026 la nan Grandans; kidonk akòz katastwòf natural ak politik ki kapab genyen gwo konsekans sou system edikatif lan. Yo estime, sa yo ki genyen pou patisipe nan ekzamen ofisyél 2025 – 2026 la, kapab pi efekte.
Apa rekòmandasyon ki fèt bò kote otorite konsène yo pou twavay ak fasilite repriz tout aktivite ki genyen pou wè sou depatman an; direktè Georges Jean Barth mete aksan sou aspè sekirite a, sitou ak seri manifestasyon ki anonse pou semèn sa a. Yo seri manif ki pral revandikasyon liberation John Noël Cadafy PDG – Platfòm Dekouvri La Grandans, ki nan prizon sivil Jeremi an depi anviwon 4 mwa.
Nan sans, direktè Georges mande direktè depatmantal polis Grandans lan, Frantz Saint Armand fasilite sekirite ak lib sikilasyon atravè depatman an.






