Ministè Edikasyon Nasyonal soutni òganisazyon kominotè nan Matisan kap defann dwà pou timoun yo ale lekòl

2,994

Louis Jameson   01/22/2022

Matisan, Kafou ______(TRiboLAND) Minis Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl, Nesmy Manigat chita pale vandredi 21 janvye a ak plis pase yon ventèn lidè kominotè ki sòti nan Matisan. Menm jan li te fè sa ak lòt reprezantan lòt zòn kote ke lekòl la pat kapab fonksyone akòz pwopagasyon zak vyolans yo.

Selon minis Nesmy Manigat, tablo sa a montre zak vyolans ap bay payèt nan tout nivo. “Vyolans zàm, vyolans ekonomik, e vyolans sosyàl pa dwe bloke nou nan inisyativ nou vle pran ki pou fasilite rekòmanse fonksyone lekòl la. Si je nou rete sèlman sou tablo makab sa a, nou kapab pa janm tante fè anyen pou timoun yo ki vle ale lekòl e ki dwe ale lekòl”.

Se nan sans sa a, minis lan te ankouraje patisipan nan rankont lan pou yo idantifye nan tèt frèt ak tèt kole pi bon estrateji ki kapab ede yo fè aktivite lekòl yo remanbwe pezape nan Matisan ak nan katye ki tou pwè l yo; menm jan sa fèt Lasalin, e kòmanse fèt egalman nan Site-Solèy ak Anba-Dèlma.

Yon lòt kote, Minis Manigat fè konnen li gen konviksyon, aktivite lekòl yo kapab reprann nan Matisan si gen yon antant kominotè ki jwenn sou sa. Lidè kominotè yo gen menm konviksyon sa a tou. Yo di yo konnen kisa lekòl reprezante nan lavi e pou lavni yon sosyete. Se youn nan rezon ki pouse yo kòmanse pale antre yo, pale ak lòt abitan, pale ak tout moun ki gen kapasite pou enfliyanse lòt moun nan bon sans, nan lide pou aji nan enterè timoun yo.

N ap raple w, gen plizyè lòt lekòl piblik tankou lekòl nasyonal repiblik Nikaragwa, lekòl nasyonal repiblik Pewou, lekòl pwofesyonèl Saint-Surin Manigat, lekòl nasyonal Fortuna Guéry ki pa kapab fonsyone. Nan lis sa a genyen anpil anpil lekòl pwive ki oblije fèmen pòt yo oubyen ale tabli yo nan lòt katye kote sitiyasyon sekirite a pasab sou bout tè pap nasyon an.

Comments are closed.