Ensekirite jeneralize nan komin Wozo, depatman Grandans

1,031

02-01-2023

Wozo, Ayiti (TRiboLAND) Ensekirite jeneralize ap bay anpil lawouli ak laperèz nan diferan kwen nan depatman Grandans lan, patikilyèman nan komin Wozo zòn Renal-Kòbera maten jodi mèkredi premye fevriye 2023.

Selon enfomasyon ke TRiboLAND te arrive konfime ak yon notab nan zòn lan ki pote non Simon Esaie, fè eta de bandi avèk gro zam otomatik arrive kidnape direktè chapèl legliz katolik lan ki se mesye Sigel Julot, e yo pote ale 15000goud, yon lajan yon ti komès (demele) ke madanm direktè a tap antreprann.

Nan menm operasyon ou aktivite tèworis bandi sangwen ame yo, yo arrive touye yon wougan nan zòn Bwa Nèf nan Malò, ki pote non Jean Rigaud ensi koni.

Comments are closed.