Jesyon risk ak dezas : Direksyon depatmantal proteksyon sivil Grandans lan, òganize 2 jounen atelye nan kad preparasyon plan kontenjens 2023 a.

1,186

05-25-2023

Grandans Ayit_____(TRiboLAND) Deja previzyon meteolojik pou peryòd siklonik lan tonbe ant mwà jwen pou rive mwa novanm 2023 a. Deja genyen yon dizèn siklòn ki anonse pou yon parèy peryòd ki trè krisyàl.

Parapò ak vilnerabilite majorite manm nan popilasyon an nan vil kou milye riral yo, otorite resonsab yo mete yon atelye travay sou pye, yon program ki antre nan kad aplikasyon yon plan kontenjans an tèm repons imanitè.

Direksyon proteksyon sivil Grandans, nan tèt kole avèk delegasyon depatmantal la, chita pale ak manm kolektivite a, òganizasyon non gouvenmantal yo (ONG) yo, chèf sèvis piblik yo yon fason pou evalye bezwen yo sou tout fòm nan ka yon katastwòf natirèl.

Directriz depatmantal proteksyon sivil grandans lan, Madam Christine Monquelee poze problèm moyen lojistik ak divès lòt kontrent ke proteksyon sivil Grandans ap fè fas; konsa, yo mande enstans konsène yo sipòte proteksyon sivil nan kad misyon’l anvè sosyete a.

Comments are closed.