Ansafolè: Peyi lòk la kraze aktivite lye mistik Ti Sentànn yo plat atè

414

Ansafolè___(TRiboLAND) Ti sentàn se yonn nan lye mistik nan Nòdwès peyi a ki reyini plis moun. Pèleren soti tout kote pou vinn regle zafè zaka yo selon nan sa yo bezwen ak sa yo kwè. Se yon mwayen tou ki pèmèt ti tchotcho antre nan pòch ni responsab sit la, ni anplwaye, epi tou machann, komèsan ak demachè yo ki se moun ki plase swa devan ou andedan sit la kap ede pèleren yo mete afè yo nan lòt.

Nan kriz peyi lòk la ki mawonde tout kalite aktivite yo, mouvman va e vyen Fèt Sentann yo tonbe an degraba. Peleren yo pa vini an kantite redwi, vèy denwi ki konn fèt chak 26 nan mwa a pa fèt menmjan ankò, pwoblèm transpò, bus ki asire transpò pèleren Grann Sentàn yo sitou pa menm manke parèt tèt yo, e moun kit e konn soti byen lwen nan peyi a paka antre. Konsa, kriz manje ranje sa, lakoz espas antrepwiz la pa ranpli, lamama pa sikile, kantite bèl chandèl galbanno nan pye Ti Sentann yo konplètman diminye e tout bagay plonje oralanti, selon rapòtè TRiboLAND ki te osant evennman yo.

Aktivite touris kreyòl la ki se inik mwayen sibzistans ti sèktè biznis enfòmèl la, redwi nèt ale. Se yon veritab kou di ekonomik pou popilasyon an; sitou lè-n konnen ki makònn moun ki konn ap antre soti nan vil la pa rapò a sa sit touristik Ti Sentànn nan repwezante pou peyi-a, swa pou chans, swa pou delivwans, swa pou pèsekisyon ak giyon!.

Nap raple, espas sa a resevwa tout kouch moun ki gen nan peyi a e menm diaspora ki toujou vinn chèche kichòy ak delivwans nan lapriyè nan pye grann Sentàn. Se yon espas sakre ki pa sispann renove tanzantan yon fason pou ranfòse kalite sèvis pou pèleren sak kòlèt mache chèche yo.

VICTOR Jn Era, TRiboLAND

Comments are closed.