MIG : pwofesè Michelet Jerome, eksprime piblikman apwesyasyon li pou inisyativ pwezidan salvadoryen an, Nayib Bukele alyas “Sovèlele”

31
0
Share:
TRiboLAND

11- 15 – 2026

Jeremi, Ayiti_____(TRiboLAND) Pwofesè Michelet Jerome ki se kòdonatè mouvman ideyal Goman (MIG) eksprime atravè yon nòt rekonesans inisyativ pwezidan Salvadò a, Nayib Bukele pou konbat gwoup gang ame kap taye banda anndan peyi Dayiti.

Pwofesè Jerome fè konnen, mouvman lap dirije a, bat bwavo ak kontantman pou leadership Sovèlele ki konpwann nesesite pou peyi li pote kole nan ede ou asiste peyi Dayiti soti anba grif gang. Nan sans sa, MIG ankouraje pou Bukele pa fè kou rate, pandan lap pouswiv tout sa yo ki te nan danse kole avèk gang, sangwen avèk kravat, kriminèl ak kostim ki efondre peyi a.

Kòdonatè Jerome, ale pi lwen pou fè konen prezidan Salvador a se yon òm serye e rekonesan. Li ta sanble klè ke li metrize istwa peyi Dayiti ase byen; sitou lè vis pwezidan li a, Félix Ulloa deklare ke yo genyen yon dèt istorik anvè peyi Dayiti ki te kontribye nan asiste Salvadò vinn yon peyi endepandans lib e libè. MIG nan Grandans ap ankouraje pèp ayisyen an pou pa chanje lide li sou enpòtans debakman solda salvadoryen yo; li mande yo pou rete konsekan a yo menm e retire tout vye espwi kidnapping, touye moun pou pwan tout sa yo posede sou pretèks se revolisyonè ke yo ye.

Share:

Leave a reply