UFMORH òganize fòmasyon pou manm APHAGA yo nan Grandans.

798

04 – 23 – 2024

Jeremi, Ayiti ( TRiboLAND) Sou tèm rediksyon vyolans sou fanm ak tifi ki genyen mobilite redwi, Inyon Fanm yo kap viv ak yon mobilite redwi nan peyi Ayiti (UFMORH), òganize yon jounen fòmasyon sou kesyon dwa andikape yo nan Grandans.

Diferan manm (APHAGA) yo kite reponn prezan nan seans fòmasyon an, eksprime satisfaksyon yo, pou fason UFMORH delivre machandiz la; konsa, sa pwal ede konnen pi byen kòman yo kapab defann dwa yo.

Diferan kad ki fè pati UFMORH yo, tankou madam Dezire Soinette, fè konnen lajan ki pèmèt yo òganize ansanm aktivite yo, ak sipòte kèk òganizasyon moun kap viv ak mobilite redwi yo, jwenn lajan bòkote, Fon pou Dwa Moun.

Comments are closed.