Pati politik DEHFI prevwa òganize yon moman refleksyon nan okazyon jounen entènasyonal lajenès.

08 – 11- 2026
Delmas, Ayiti ____ (TRiboLAND) Nan okazyon jounen entènasyonal la jenès, ekip pati politik DEHFI prevwa òganize yon moman refleksyon jounen mèkredi 12 dawout 2026 lan, nan Delmas 33 ri Chandou a 3 zè, anba tèm “comment l’engagement des jeunes peut- il devenir un levier de transformation national face aux defies d’Haiti”?
Konsa, yon parèy sòlòkòtò pral fèt anba lobedyans ou animasyon kòdonatè pati politik DEHFI a, doktè Benêche Matial. Nan sans sa a, estrikti DEHFI a pwofite envite non sèlman jenès la, men egalman tout pèsonaj ki entèrese vini nan ti moman refleksyon sila kap plis chita sou dyalòg ak angajman sitwayen.






