Me Marcel Jean-Baptiste prete sèman kòm Substitit Komisè Gouvènman nan Pakè Pòdpè a

Pòdpè, Ayiti _____(TRiboLAND) Me Marcel Jean-Baptiste, orijinè komin Bombardopolis, prete sèman jodi a kòm Substitit Komisè Gouvènman pre Tribinal Premye Enstans Pòdpè jodi madi 07 oktòb 2025 lan..
Me Jean-Baptiste se yon avoka ki fè pati Baro Gonayiv, e li gen plis pase kenz (15) lane eksperyans nan domèn lwa ak nan batay pou jistis sosyal. Pandan tout karyè li, li toujou make prezans li pa entegrite, konpetans ak respè li genyen pou prensip moral, jistis ak ekite.
Nominasyon sa a konsidere kòm yon gwo fyète pou tout komin Bombardopolis, ki kontan wè youn nan pitit li yo okipe yon fonksyon konsa nan sistèm jidisyè peyi a.
Nan yon mesaj felisistasyon, plizyè sitwayen ak òganizasyon lokal te salye Me Jean-Baptiste pou travay li depi plizyè ane, epi swete li bon kouraj nan nouvo misyon li, li






