Sainté Jean Félix pèdi lavi li nan Ti Sentàn nan Ansafolè

Ansafolè, Ayiti _____(TRiboLAND) Sainté Jean Félix pèdi lavi-l nan zòn Ansafolè jodi madi 7 oktòb 2025 lan, pandan li te nan Ti Sentàn nan komin nan.
Daprè enfòmasyon Jij Raymond Paul bay aprè konsta legal yo, tout endikasyon montre ke defen an ta sanble te gen “lwa” avan li te mouri. Lè yo kesyone responsab Sentàn lan, li deklare li pat gen kontwòl sou moman egzak kote defen an te antre anndan.
Sou Sainté Jean Félix, yo jwenn yon bous ki te gen 2 600 goud, yon vye telefòn ak paspò pèsonèl li. Apre konsta a, Jij Raymond Paul remèt kò a bay responsab Sentàn lan pou mennen l nan mòg lopital Imakile konsepsyon Pòdpe.
Otorite yo ak responsab Sentàn lan, pat an mezi pou bay oken detay sou kòz lanmò a; pou koulya. Yo mande nenpòt moun ki konnen fanmi Sainté Jean Félix pou al enfòme yo ke li mouri nan al chèche nan pye Ti Sentàn nan Ansafolè a.






