Gro inondasyon nan vil Pòdpè: anpil moun mouri e disparèt, dega yo katastwofik

349
2
Share:
TRiboLAND

12 – 23 – 2024

Pòdpè, Ayiti_______(TRiboLAND) Lanwit dimanch 22 pou rive lendi 23 desanm 2024 la, popilasyon site Kapwà lamò a, tap fè fas ak gro aktivite dlo desann. Dlo moun poko janm wè, anvayi avèk anpil fraka, divès katye nan vil Pòdpè, bilan yo reyèlman katastwofik.

Jous nan moman TRiboLAND ap ekri tèks sila, moun atravè depatman Nòdwès peyia ap pran lanm! Absans yon Leta ki pa egziste, mete plis apse sou klou. Swadizan otorite krizokal lokal ki nan tèt minisipal vil sila, patikilyèman majistra Josué Alusma ak tout akolit li yo pa genyen oken lusidite ou konpetans nan nivo jestyon urbanization; alòske yon parèy enègimèn chita nan Pòtopwens depi prèske yon lane ap fè piwèt e ofri magogo lajan bay diferan kòriptè nan CPT a, yon fason pou yo kapab rekondwi yon vwayou ki deja, non sèlman boukle 3 manda deja, men ki komèt anpil dega ak abi nan vil Pòdpè.

Aprè plis pase plizyè semèn lapli ap tonbe san rete, finalman se rèl kay makorèl pou depatman Nòdwès peyia  kap naje anba dlo. Eboulman tèren, dlo desann, machinn bwote ale, anpil kay kraze, jaden kraze, tèt betay, poto elektrik tonbe, guichè bank bòlèt ki te konjesyone yo pakèt espas nan vil la, disparèt anba vorasite aktivite dlo desann yo ki voye yon bon valè moun nan dènye demè yo, sa imaj tris aktyèl site Kapwà Lamò a.

Bilan pasyèl yo jiskaprezan, bay anpil men nan machwè ak mare senti! 4 moun arive mouri nan Ri Gras; 3 lòt moun mouri nan Mòn Betèl, alòske yon fanmiy anba dekonm yon kay ki tonbe, an atandan chif ofisyèl Pwoteksyon Sivil yo.

Antouka, anpil moun estime ke deriv nan vann tè Leta pou pwopaje konstwiksyon anachik, absans drenaj ak pwomosyon malpwòte vil la ki jwen benediksyon yon seri otorite koupyon, ki pa sispan vann espas twotwà bank bòlèt ak demele, ki koz tout moun Nan Letan, Nan Grigri, Nan Madlon, Nan Palan, Nan Jderilon, Labèlplas, Nan Demelus pou nou site sa yo sèlman.

Share:

2 comments

Leave a reply