Livres en Folie: Lapin resevwa yon akèy fyèl

0 336

Pòtoprwens __(TRiboLAND) Premye Minis annatandan Jovenel Moise Msye Jean Michel Lapin ki gen anpil tan ap travay pou sistèm ki efondre peyi Dayiti-a, te fè erè jodi-a nan al patisipe nan gwo aktivite kiltirèl ou entèlèktyèl “Livres an Folie” 25e edisyon ki tap dewoule nan Pòtopwens jodi 20 Jwen 2019 la. Gwo oumble sa te foul avèk moun ki te kontan eksplore ak fè ti pale avèk otè yo sou diferan travay yo ki kontinye ap bay kilti lakay jarèt.

Menm jan li konn toujou fèt pandan plizyè ane, plis pase yon santènn ekriven ak poèt soti nan tout bout kwen pou ofwi yon seri travay rafine ki tradwi efò lelit entèlèktyèl-la ap fè pou arive pwomote amou pou lèkti anndan peyi-a pandan yap prezève kilti pèp Ayisyen an ki yon bagay san parèy. Fòk nou snyale, invite donè gwo evènman sa se dezyèm fotèy Akademi Fransèz la ki se, Dany Laferrière, yon pitit tè Desalinn nan.

Antouka tout bagay tap byen mache jiska lè Premye Minis annatandan an fè aparisyon-l sou sènn nan anvedèt; yon aparisyon ki otomatikman kreye anpil pètibasyon bò kote la yon gwoup patisipan ki tap chante “gen yon kòb ki sere bare vòlè, bare vòlè” deyè Premye Minis lan ki pat an mezi pou neutralize foul la. Ann gade yon ti sekans nan pwotastasyon sa ki ta sanble pat twò vyolan ke sa.

Yon gwoup moun chante bare volè deyè
Premye Minis Anatandan Jean Michel Lapin nan Livres en Folie 2019

Jacob Bendallahm

Nap eskize enfidelite videyo klip la.

Leave A Reply