NEHRO attire atansyon nouvo prezidan peyi Etazini an sou fòs represiv diktatè Jovenel Moise nan peyi Dayiti a

228

02/11/2021

Boston_____(TRiboLAND) Òganizasyon New England human Rights (NEHRO) klewonnen nan zòrèy nouvo prezidan Etazini an, Joe Biden aparisyon yon nouvo fòs represiv sistematik ke ansyen prezidan Jovenel Moise aprè fen manda konstitisyonèl li, dimanch 7 fevriye 2021, enstale k’ap taye banda nan vyolasyon dwà moun anndan peyi Dayiti.

Nan yon lèt toulimen ki adrese a 56èm prezidan Tonton Sam nan, NEHRO denonse ke ansyen prezidan afiche yon konpòtman diktatoryàl e makònnen tout zantrày li ak pouvwa a malgre manda konstitisyonèl li pran fen ofisyèlman, daprè atik 134-2 a selon Manaman Lwa peyi a. Konsa, se tout yon popilasyon kap moute yon ma swife; patikilyèman, sistèm jidisyè nan tout entegralite li. Se ratibwazaj jij Kou Kasasyon yo, pi gwo enstans jidisyè peyi a pèsekite e ap pran lanm anba yon rejim sanginè ki okipe pouvwa malgre fen manda li.

“Se yon veritab Diktatè ki enstale li la nan peyi Dayiti”, daprè sa NEHRO devwale nan yon lèt tou louvwi. Li envite Joe Biden pou konsidere prewokipasyon plizyè palmantè ameriken pami yo, Patrick Leahy. NEHRO dekri yon sitiyasyon eksploziv ke konpòtman Jovenel Moise deklentche anndan peyi a ki kapab debouche nan yon gè sivil nan peyi Dayiti.

NEHRO di li konte sou onètete ak lwayote Joe Biden pou aji san pèdi tan yon fason pou mete yon fwen nan rejim defakto peyi Dayiti a ki kontinye ap plonje nan lanfè pèp ayisyen.

Comments are closed.