Jounalis Marc Guerson Philistin resevwa “ mayòl Rock Cadet 2021”

2,002

10/21/2021

Pòtopwens_____(TRiboLAND) Jounalis Marc Guerson Philistin ki se manm fondatè Association Haitienne des journalistes d’Investigation (AHJI) pran “Mayòl Rock Cadet” nan kategori kwonikè jidisyè.

Paralèlman, dwàyèn tribinal pwemye enstans Kwà Dèboukè a, Grécia Norcéus, pwofesè Serge Henry Vieux, Majistra Annie Fignolé ak Grefye Christophe Lespérance te resevwa egalman benediksyon pa yo bò kote juri edisyon 2021 an.

Se tout yon seri kritè ki chita sou leadership ak disiplin ki kalifye jounalis Marc Guerson Philistin kòm youn ki byen plase pou resevwa “Mayòl Rock Cadet” a mèkredi 20 oktòb 2021 an. “Se avèk yon chay fyète ke mwen resevwa mayòl sa”, dapwè jounalis la ki tap depoze nan moman seremoni an.

Pi lwen Marc Guerson Philistin ale pi lwen pou li di “Malgre sitiyasyon malmakak peyi a, toujou genyen moun kap swiv travay lòt moun. Konsa, antan ke jounalis nou dwe kontinye ap travay malgre tou”.

Nap raple, objektif “Mayòl Rock Cadet” se onore kontribisyon jounalis ki panche sou Lalwà yo nan kontre kare enpinite, kòripsyon, enkonpetans nan sistèm jidisyè peyi a. Juri konsène a te pwofite onore pandan seremoni an, Jij Jean Wilner Morin ki se fondatè SOS libète ak inisyatè mayòl la.

Comments are closed.