Wanament : Andrige Florestal pran yon lòt wout inovativ atravè Fondasyon TRiboLAND

358
0
Share:
TRiboLAND

Wanament, Ayiti____ (TRiboLAND) Se vre Leta pa egziste nan peyi Dayiti, sepandan sa pa anpeche anpil jèn ap eseye, mal kon mizè dote tèt yo yon abilite konpetans atravè mouvman fòmasyon gratis TRiboLAND.

Sè Andrige Florestal, se yon jèn fi ki soti nan lokalite Silvès, nan depatman Nòdès peyi Dayiti. Li se youn pami yon latriye lòt aprenan ki te patisipe nan fòmasyon resiklaj bidon plastik ak transfòmasyon fwi nan lekòl kay Pè yo nan Woz Bonit. Konsa, se atravè yon parèy pwogram gratis, popilasyon Nòdès la ta pral retrouve fòs ak kapasite pwolifik lakay jèn yo, atravè yon seri dechè ke yo arive konvèti an pwodwi rafine ou dekoratif, yon potansyalite ki pote kichòy ekonmik nan pòch yo.

Andrige pami yon latriye ki kontinye ap make pwen nan evite tonbe nan debòch ak pyeje nan nas atoufè kap gaspiye e eksplwate vilnerabilite jèn yo. Nan espas yon mwà aprè seyans 2 jou aprantisaj yo, Andrige deja ap kreye anpil bèl travay inovatif avèk resiklaj boutèy plastik nan kominote li. Dènye patisipansyon li nan yon atelye ekspozisyon nan vil Wanament, fasilite jèn fi a, pozisyone li pi prè sektè mache a. Andrige pwodwi manyèlman anpil bèl objè dekoratif; kòmanse sou rido, rive sou bale ak tas diven.

Nan objektif pou kontinye avèk eritaj TRiboLAND lan, Andrige Florestal ki deja sedwi anpil moun avèk anpil bèl travay, espere pase yon parèy abilite gratis a kèk lòt jèn ki san espwà pandan ke y’ap batay ak lavi e ekspoze anba infliyans gang ak pwostitisyon. Viv Fondasyon TRiboLAND, “Yon jèn, yon metye manyèl gratis”.

Kidonk, Andrige definitivman pran yon lòt direksyon ak lavi li. Li chwazi pa itilize plafòm itil Facebook ak Whatsapp la pou bavade ak banalize; okontrè li prefere vann yon pi bèl imaj pozitif de sa ke li kapab pwodwi antan ke jèn kap eseye abòde ekwasyon pwoblèm ou mizèrere Ayiti a sou yon lòt fasèt ou kreyativite.

Share:

Leave a reply