Voyajè robotik Mas 2020 an pase tout tès pou li byen fonksyone sou planèt wouj la

0 464

Trè pwochènnman yon lòt jeep Curiosite ki renove e menm korije ap gen pou vizite planèt wouj la ankò avan lontan. Se yon ane 2020 ki anonse an gran panpan dekolaj astromobil sa ki se yon frè jimo pwemye Curiosite a.

Dekolaj jeep robo a ap gen pou fèt swa nan mwa jwiyè oubye mwa dawou pwochen. Lap gen pou vwayaje pou Mas e pi pwesizeman nan zònn kratè Jezewo sou sòl masyen an. Misyon pwensipal li, se degaje l kon mèt Janjak pou li jwenn tras lavi pase oubyen pwezan sou planèt wouj la.

Antouka, tout kondisyon adekwat yo pozitiv pou jeep robo a, ki pase tout tès operasyonèl ak verifikasyon NASA yo avèk suksè menm avan dekolaj yo nan kèk mwa pwochen. Sa pa gen lontan, 17 Desanm pase: demonstrasyon mobilite aparèy robotik la sou sòl tèrès la te yon suksè! Mas 2020, se yon manman penba pwojè ki koute plis pase 2 bilyon dola.

foto credi: NASA

Leave A Reply