Pòdpè/Edikasyon : Fondasyon TRiboLAND reyisi premye jounen fòmasyon sou fabwikasyon pwodwi chimik, nan Lòt Bò Pon.

2,057

04-01-2023
Pòdpè, Ayiti ___(TRiboLAND) Jodi samdi premye avril 2023, Fondasyon TRiboLAND reyisi premye jounen fòmasyon sou fabwikasyon pwodwi chimik, nan vil Pòdpè, lokal “Collège Jean Price Mars” ki twouve-l nan Ri “Twa Gras”, anviwon 150 jèn fanm ak jèn gason reponn prezan pou swiv fòmasyon sila.

Sou Direksyon Madam Ermithe L’Ami kòm fòmatris, jèn yo aprann fè : likid, vinèg, mistolin, pinòl, faboulozo, pafen. Fòmasyon sa reyisi gras ak sipò komite Ri Twa Gras la, ki gen nan tèt li Dyak Dorvil Jacquelin, ki pèmèt jèn Ri Twa Gras, Lòtbò Pon, Site Senklè, Bwa Di Lak, Gran Lakou, pou-n site sa yo sèlman benefisye yon konpetans abilite.

Jèn yo benefisye fòmasyon sila, san yo pa peye yon goud Lesko, gras ak sipò Fondasyon TRiboLAND nan kad batay kont delenkans jivenil ak pou ede jèn yo gen yon zouti nan men yo, pou yon amelyorasyon ekonomik. Me Ychmuth Corneille ki se veritab responsab TRiboLAND nan peyi Dayiti, te reponn prezan nan lansman premye jounen fòmasyon sila, ak divès lòt manm Fondasyon TRiboLAND.

Comments are closed.