Fondasyon TRiboLAND : Plis pase 70 jèn nan lokalite Ti Laplas resevwa fòmasyon gratis sou dekorasyon ak flè atistik

462
0
Share:
TRiboLAND

Wo Monstik, Ayiti______(TRiboLAND) Dezyèm seri fòmasyon gratis Fondasyon TRiboLAND yo nan Ti Laplas, Wo Monstik, depatman Nòdwès, arive delivre, malgre lapli avèk boulvèsman tibilans gang nan rejyon Basen Ble a.

Nan kad devwa TRiboLAND pou pote sèvis li nan lokalite ki pi rekile yo, madam Lachemide Estilien, yon jèn fòmatris ki dote de yon konpetans enkontestab nan dekorasyon ak arfloral, te deja fè aparisyon li nan legliz Assemblée de Jésus Christ de la Pencote, Ti Laplas, Wo Monstik. Malgre entanperi bwital ak sitiyasyon ensekirite, kòdinasyon Fondasyon TRiboLAND ki genyen nan tèt li, Alexandre Titon, demare ak seyans fòmasyon avèk antouzyasm e detèminasyon jou vandredi 19 septanm 2025 lan.

Jèn yo ki te depase yon nonb 80, te soti nan diferan zòn avwazinant yo tankou: Bèna, Lere, Deside e latriye, brave danje fas ak patisipasyon yo nan yon parèy sòlòkòtò aprantisaj. Fòmasyon gratis sila, ki te plis chita sou “Dekorasyon Evenmansyèl”, te fasilite yo metrize pandan 2 jou, konpetans dekwàt nan diferan aspè tankou: dekorasyon modèn, espas, tablo, antre, otèl, flè atifisyèl ou riban saten, motif ak anbelisman.

Antouka, Fondasyon TRiboland ap kontinye simen grenn nan ak awozaj la; konsa, rès la nan men sa yo ki dwe sipòte e ankouraje jèn dezespere yo ki petèt maten lavi a demen.

Share:

Leave a reply