Fondasyon TRiboLAND reyisi premye jounen fòmasyon li sou fabrikasyon pwodwi chimik, nan komin Ansafolè.

1,227

04-15-2023

Ansafolè, Ayiti____(TRiboLAND) Jodi samdi 15 avril 2023, Fondasyon TRiboLAND reyalize premye jounen fòmasyon li sou fabrikasyon pwodwi chimik, nan komin Ansafolè nan lokal “Lekòl Nasyonal Kasik Anri ” ki trouve’l nan ri Kachèt. Deja, genyen plis pase anviwon 80 jenn fanm ak jenn gason ki prezan pou swiv gro sòlòkòtò aprantisaj sila ki plis chita sou konpetans abilite.

Eksperimantasyon aprenan yo ak diferan pwodwi nan moman formasyon TRiboLAND sou pwodwi chimik nan Ansafoleur.

 Sou direksyon mesye Richard Etienne ak John Kervens Petit-Homme kòm fòmatè, jèn yo aprann fè savon lave, savon likid, chanpou, klowòks, mistolin, faboulozo ak pafen pandan premye sesyon an. Fòmasyon sa reyisi gras ak sipò komite kòdinasyon Ansafolè a, ki gen nan tèt li Jean Herard Victor ki pèmèt jèn yo ki nan premyè seksyon Badsentànn, 2èm seksyon Meyans, 3èm seksyon Kòdefè ak sant vil Ansafolè rive benefisye yon seminè parèy.

Jèn yo benefisye fòmasyon sila san yo pa peye yon goud nasyonal; se gras ak sipò Fondasyon TRiboLAND nan kad batay kont delenkans jivenil nan peyi Dayiti. Yon parèy estrikti sosyàl ou kominotè dote gran moun kon jèn moun, yon zouti nan men yo ki kapab ede yo pare move sekous ekonomik yo.

Me Fanuance Hodney ak madanm Elucia Adélus ki pami responsab TRiboLAND yo nan depatman Nòdwès la, te reponn prezan ak divès lòt manm Fondasyon TRiboLAND lan nan yon parèy fòmasyon.

Pierrilien Nicol Colly

Comments are closed.