Nòdwès – Fèmti Lansnan Karavàn Mobil ONI (Ofis Nasyonal Idantifikasyon) : yon milye moun arive aplike ou rekipere kat yo

428
0
Share:
TRiboLAND

Nòdwès, Ayiti______(TRiboLAND) Se yè aprèmidi jedi 31 jiyè 2025 lan, Karavàn Mobil ONI (Ofis Nasyonal Idantifikasyon) ki te lanse sou plas katedral Podpè a, nan dat 28 jiyè 2025 lan, rive nan bout li.

Karavàn Mobil sila te rive reyalize nan plizyè komin depatman Nódwès la: Pòdpè, Senlwi Dinò ak Jan Rabèl, sou inisyativ direksyon jeneral ONI ak sipò OEA. Objektif la, selon Kowódonatè depatmantal ONI an nan onivo Nódwès, msye Jocirin Erick, se pou pèmèt tout moun ki te fè kat Idantifikasyon Nasyonal yo e ki pat janm vin chèche yo , ap gen chans pandan mobil la, reklame yo.

Anplis, tout moun ki apèn gen 18 lane, moun ki te pati kite peyi a e ki retounen, ap kapab fè kat idantifikasyon yo san okenn pwoblèm. Mete sou sa, tout moun ki te gen kat ki pèdi, sa yo ki gen kat chire ap kapab rejwenn kat yo san pwoblèm atavè yon sèvis ke ONI mete kanpe e ki pote non ” doleyans “!

Karavàn Mobil sila a te rive posib gras ak jèfò direksyon jeneral la ak sipò OEA. Kowòdonatè depatmantal ONI an, bat bravo ak lakontantman pou reyisit Karavàn Mobil sila a atravé 3 komin depatmantal Nódwès la. Li ankouraje e menm konseye, tout moun ki gen laj 18 lane pou vin aplike pou kat idantifikasyon nasyonal yo, se yon nesesite. Toutfwa, msye Jocirin deklare pandan peryód lansman Karavàn Mobil sila a, gen plis pase yon milye sitwayen ki vin reklame kat idantifikasyon nasyonal yo.

Share:

Leave a reply