Bilan pasyèl inondasyon Pòdpè a : plis pase 250 kay inonde

498

03/06/2021

Pòdpè_____( TRIboLAND) Biwo Pwoteksyon Sivil nan Nòdwès drese yon bilan pasyèl sou dega inondasyon madi 1e jwen 2021 an koze nan Pòdpè.

Pa gen moun ki mouri, men ka gràv! Genyen plis pase 250 kay toujou ki pase anba dlo, dapwè deklarasyon responsab teknik Pwoteksyon Sivil branch Nòdwès la, Agr Rétone José ki fè konnen gen plizyè katye nan vil la ki pa t janm konn sibi inondasyon ki vrèman enpratikab. Gen lòt ki prèske abandone nan moman n ap pale la.



Aksè nan katye tankou: site Makso, Labèl Plas, Latandri, Nan Kasav e latriye te tèlman difisil, menm ajan Pwoteksyon Sivil yo, pa t kapab gen aksè pou antre anndan katye popilè sa yo ki konplètman sinistre.

Responsab la rapousuiv pou l di: zòn anba lavil ak Avni Trois Rivières, se plis popilasyon sa yo ki plis ap mamde najè. Yo pèdi tout sa yo te posede. Kesyone l pou n rive konnen si mouche Leta ap dedomaje sila yo ki viktim yo, Agr Rétone José te fè n konnen djòb li, se pwodui rapò voye nan pouvwa Santral pou swit nesesè.

Agr Rétone José raple popilasyon Nòdwès la ke li nan epòk siklònik. Lapli a kontinye ap tonbe e anpil kote ap gen pou inonde nan vil Pòdpè. Konsa, popilasyon an dwe pran anpil prekosyon paske prekosyon pa kapon.

Saint Jean Wiskis

Comments are closed.