Pwoblèm sante nan Grandans pa piti!

1,142

01-15-2023

Jeremi, Ayiti____(TRiboLAND) Lopital Sen Antwàn nan vil Jeremi, se yon lopital ki la pou resevwa, pasyan oubyen malad kap soti nan 14 komin depatman Grandans lan.

Antanke lopital referans depatmantal, absans pesonèl kalifye ak materyel adeckwa lakoz enstitisyon medikal Sen Antwàn paka reponn ak misyon l. Doktè Stanley Verrier ki se Direktè medikal lan, adrese trè ploblematik HSA la nan vil Jeremi.

Pi gro problèm enstitisyon HSA, gen pou wè avèk  medsen, enfimyè ak enfimyé, e pesonèl administrative  politisyen, tankou senatè ak depite te nome, pa mete pwent pye yo nan lopital lan pou bay tan yo pou lajan yap touche chak mwa.

Mete sou sa, lopital la pa genyen kouran elektrik pou rann tout aparèy ou ekipman fonksyonèl jan sa dwe ye. Direktè medikal lan ale pi lwen pou l fè konnen, pafwa il oblije sèvi ak flash telefònn pou l fè sezaryènn pou yon fanm kak akouche. Akoz pwoblèm sa yo anpil moun pa frekante HSA, daprè Doktè Verrier ki te tou profite fè konnen kòb pa rantre ase; nan yon moman lopital la ap fè fas ak yon problèm motè Diesel kap boule chak ed tan (10-12) yon galon gaz.

Parapo a tout kalamite sa yo, Doktè Stanley Verrier, non sèlman anvizaje créé yon komite soutyen, kap konpoze ak moun ki genyen notoryete nan vil lan, jis pou jwenn konfyans sosyete a. Men tou, lap pèmèt yo chache tout fòm èd, koperasyon kap ede bwat medikal la pran jarèt e reponn ak egzijans misyon l, ki se bay tout moun Grandans laswenyaj.

Pandan ke Doktè Stanley Verrier ap mande pèsonèl HSA la, ki se profesyonèl ki chwazi pa kominike avèk administrasyon an, pou pran tik al konsyans! Sa pa senpleman vinn pran chèk leta ap peye yo a, men se afiche yon konsyans profesyonèl nan delivre sèvis bay kominotè a.

E finalman Direktè Verrier ankouraje ministè sante piblik ak popilasyon (MSPP), oganizasyon non gouvenmantal yo, kap travay nan afè lasante, pote kole pou chanje eskanp figi lopital Sen Antwàn nan Jeremi kap naje nan yon lanmè problèm ki pa piti!



Comments are closed.