Wanament: Plizyè milyon goud deja kolekte pou konstriksyon kanal irigasyon Rivyè Masak la

1,055

09-22-2023

Wanament, Ayiti _____(TRiboLAND) Nan yon mesaj pre-anrejistre, komite jesyon kanal irigasyon Rivyè Masak la pibliye jounen vandredi 22 septanm 2023 a, li fè konnen plizyè milyon goud deja kolekte pou konstriksyon kanal irigasyon an.

Komisyon sila, ki genyen nan tèt li Mèt Gaston Etienne, Enjenyè Wideline Pierre, Josaphat Antoineus Guilaume, fè konnen plis pase yon milyon goud deja kolekte pou kontinye konstriksyon kanal irigasyon masak la, San konte divès sak siman ak lòt materyèl ki rantre nan kanal la.

Pastè Moïse Joseph ki tap entèvni sou Radyo Karayib, fè konnen gen plizyè lajan li pran nouvèl kap ramase sou non kanal la, komite a poko resevwa kòb sila yo. Li voye pinga bay moun kap pwofite okazyon konstriksyon kanal la pou fè bè avèk milyon. Reveran Moïse rabat pou li di, apati 18 novanm 2023 a, kanal jiskobou a ta dwe inogire.

Nap raple aprè gwo lapli ki te tonbe pandan sware mèkredi 20 septanm lan, pat genyen oken domaj ki te anrejistre nan konstriksyon an. Konsa, yo detèmine pou rèv istorik la KPK «Kanal pap kanpe» materialize.

Comments are closed.