Avoka Wilner Azor denonse menas yon chèf gang ap fè sou li nan Senlwi Dinò

Pòdpe, Ayiti _____(TRiboLAND) Mèt Wilner Azor, yon avoka respekte nan Bawo Pòdepè a, lanse yon apèl piblik pou sekirite li aprè li sibi menas grav madi 22 jiyè 2025 lan nan men yon chèf gang sangwen nan komin Senlwi Dinò.
Daprè Me Azor, se apre li fin plede yon ka nan tribinal Senlwi Dinò a ke Yonel Dieujuste, yon chèf gang ki prezante tèt li kòm ajan BSAP, te atake li ak pawòl menasan. Me Azor kontinye rabat pou li di, nonm nan akize li dèske li ta fè li pèdi yon dosye tè epi li menase lavi-l, pandan li deklare klèman ke l’ap mete Mèt la atè.
Mèt Azor konsidere atak sa kòm yon zak entimidasyon ki mete lavi li an danje epi li lanse yon avètisman bay tout otorite yo, òganizasyon dwa moun ak popilasyon an an jeneral. Li mete sou do Yonel Dieujuste tout responsablite pou sa ki ta rive li.
Avoka Wilner Azora souliye ke li pap kite laperèz fè-l abandone misyon li kòm defansè dwa ak lajistis, malgre danje sa yo ki ap ogmante sou wout moun k’ap fè travay legal nan peyi Dayiti.






