Vizit direktè Travo Piblik branch Nòdwès la, nan lokalite Demelis.

07-02-2023
Pòdpè, Ayiti_____(TRiboLAND) Direktè depatmantal travo piblik branch Nòdwès la, Joseph Angelot Horacius, vizite zòn Demelis, nan lide pou founi je gade kote k ap pwovoke gwo inondasyon nan vil Pòdpè, sitou lè lapli tonbe.
Konsène fas ak yon parèy fenomèn, pou direktè depatmantal travo piblik la, pwoblèm nan pa lòt pwoblèm, ke moun kap fè konstriksyon anachik sou tèt mòn yo ki, lè lapli tonbe pwovoke gwo dega dlo desann, sa ki vin fòme drenaj natirèl yo,ke tout moun rele “ravin”.
Plede anfavè yon alèjman pou vil Pòdpè, Joseph Angelot Horacius, mande ak popilasyon an, sispann konstwi sou tèt mòn yo men tou, fè konnen, pwoblèm vil Pòdpè a dwe rezoud nan yon politik bon vwazinaj.
Pou Horacius, ta dwe genyen yon veritab sinèji nan mitan plizyè enstitisyon tankou : direksyon depatmantal anviwònman, agrikilti, travo piblik ak la Mèri, pou chanje imaj site Kapwà Lamò.






