Gwo Aksidan Moto sou Wout Twa Rivyè a : Yon chofè blese grav, sitwayen yo rele pou plis disiplin nan sikilasyon an

227
0
Share:
TRiboLAND

11/20/2025

Pòdpe, Ayiti ______(TRboLAND) Yon grav aksidan moto rive jounen mèkredi 19 novanm 2025 lan sou wout Twa Rivyè a, nan vil Pòdpe. Daprè temwayaj moun ki te sou plas, youn nan chofè yo frape britalman epi li ta blese grav, jouk rive gen pye li yo sispèk ki kase.

Temwen yo rapòte se vre aksidan kapab rive nenpòt moun, men yo soulinye tou fason enpridans, prese prese, ansanm ak mank respè pou règ sikilasyon vin ogmante risk aksidan chak jou nan zòn nan.

Plizyè sitwayen pwofite lanse yon apèl bay sendika motosiklèt yo ak otorite ki responsab sikilasyon yo. Yo mande pou gen plis kontwòl, plis sansibilizasyon, ak plis presyon sou chofè yo, yon fason pou diminye kantite aksidan ki tounen yon repetisyon chak jou nan site Kapwa Lamò a.

Selon sitwayen yo, si pa gen mezi estrik ak fòmasyon serye, menm sitiyasyon danjere sa yo ap kontinye mete lavi anpil moun an danje sou wout yo.

Share:

Leave a reply