Yon aksyon pou rale lapolis pi pre pèp la: CPDEP ak GG reyalize yon gro aktivite asenisman nan komisarya Sen Lwi Dinò

Sen Lwi Dinò, Ayiti _____(TRiboLAND) Nan kad vizyon pou konstwi yon sosyete kote lapolis ak popilasyon an mache men nan men pou devlopman kominote yo, Centre de Promotion pour la Démocratie et de l’Éducation Participative (CPDEP), avèk sipò Gouvernance Group (GG), reyalize dimanch 13 jiyè 2025 yon aktivite asenisman nan komisarya Sen Lwi Dinò. Objektif aktivite sila se mete lapolis sou yon baz ki pi entegre kominote a, epi montre ke patenarya ant sektè sivik ak sekirite kapab pote chanjman pozitif.
Nan jounen sa a, CPDEP te mete disponib kabann fè, matla, bourèt, bale pay ak bale laylòn, ansanm ak mistolin, e ikid netwayaj, pou asire netwayaj konple sal la, douch ak twalèt komisarya a. Nan okazyon gwo travay sa, responsab yo te mache ak bòs yo yon fason pou ranje twalèt yo ki te domaje, epi ranplase sa ki te merite ranplase. Polisye yo te mete men ansanm ak ekip CPDEP la pou fè travay la avanse. Se te yon jès senbolik ki te make volonte aktè yo pou amelyore kondisyon travay polisye yo pandan y ap bati yon lyen solid ak popilasyon an.
Inisyativ sa a se pa premye, ni dènye. Li fè pati yon seri aksyon CPDEP ap mennen pou ankouraje patisipasyon sitwayèn, ranfòse konfyans ant lapolis ak kominote yo, epi mete baz pou bon jan demach demokratik ak transparans nan jesyon afè piblik yo.






