Pòdpè: Lapolis fouke e entèpele 2 endividi pou trafik ilegal zam afe

Pòdpè, Ayiti ____(TRiboLAND) Lapolis nan depatman Nòdwès prezante 2 endivi jounen vandredi 11 jiyè 2025 lan, yo te entèpele yo nan dat 9 jiyè 2025 lan, nan moman yo tap batay nan Ri Benito Sylvain an. Wadson St-Phard 28 lane ak Augustin Jacquelin 68 lane se non 2 endividi sa yo.
Daprè sa pòt pawòl lapolis la nan depatman an fè konnen, altèkasyon an te soti nan yon tranzaksyon zam ilegal. Wadson admèt li te bay Augustin vann yon zam 9 milimèt depi kèk tan, men Augustin pat janm bay lajan malgre li te vann zam lan.
Lapolis mete men sou 2 endividi yo pou asosyasyon malfektè ak trafik ilegal zam afe. Pou koulya, dosye a ap trete nan SDPJ Nòdwès, pandan y ap prepare pou voye li bay Pakè.
Direksyon Depatmantal PNH lan pwofite ankouraje popilasyon an pou kontinye kolabore ak lapolis pou mete plis lòd ak sekirite nan kominote a.






